samedi, avril 25, 2026
18.2 C
Londres

MESAJ FELISITASYON POU SÉLECTION NASYONAL AYITI

Jodi a, Ayiti leve plis wo pase mòn yo, plis fyè pase tout drapo k ap flote. Avèk yon viktwa klè 2–0 kont Nikaragwa, Seleksyon Nasyonal la fè yon pèp antye bat bravo, fè yon nasyon ki te soufoke reprann souf fyète li.

Chak pas, chak kouri dèyè boul, chak gòl, se te yon batman kè pou 12 milyon Ayisyen ki t ap tann moman sa a. Nou pa sèlman jwe foutbòl; nou pote espwa, nou pote lajwa, nou pote inite pou yon peyi ki bezwen li plis pase tout lòt lè.

Mesye Grenadye yo, nou salye disiplin nou, kouraj nou, ak determinasyon nou.
Nou fè konnen ankò ke lè Ayiti vle… Ayiti kapab!

Kalifikasyon pou Coup du Monde 2026 la se pa yon aza; se frè nan travay, lanmou pou drapo a, ak respè pou jenerasyon kap vini yo. Nou fè istwa ankò, e non nou ap make pyebwa memwa pèp la ak lò.

Jodi a, nou tout se Grenadye Alaso!
Jodi a, Ayiti gen yon rezon anplis pou l souri.
Jodi a, nou montre mond lan ke limyè Ayiti pa janm mouri.

Mwen menm, Woodjery Dupré L’Homme Social leve chapo m byen ba pou nou.
Avanse, gason! Tout yon nasyon dèyè nou.
Randevou nan Mondyal 2026! 🇭🇹🔥

Hot this week

Renforcement institutionnel : 339 nouveaux soldats intègrent les rangs des FAd’H

Dans un contexte sécuritaire préoccupant, les autorités haïtiennes poursuivent...

ONU : quatre candidats, un fauteuil — qui succédera à Guterres ?

Par Jean Wesley Pierre New York, le 21 avril...

Sheila Cherfilus-McCormick démissionne du Congrès américain dans un contexte de scandale

Par Oscar Jean-Etienne La congresswoman démocrate de Floride, Sheila...

À l’ECOSOC, Haïti appelle à repenser le financement du développement face aux fragilités

Par Oscar Jean-Etienne Intervenant au siège des Nations unies...

Haïti – BID : sécurité, élections et développement au cœur des discussions à Washington

Le Premier ministre haïtien a rencontré la Banque interaméricaine...

Topics

Renforcement institutionnel : 339 nouveaux soldats intègrent les rangs des FAd’H

Dans un contexte sécuritaire préoccupant, les autorités haïtiennes poursuivent...

Sheila Cherfilus-McCormick démissionne du Congrès américain dans un contexte de scandale

Par Oscar Jean-Etienne La congresswoman démocrate de Floride, Sheila...

Haïti – BID : sécurité, élections et développement au cœur des discussions à Washington

Le Premier ministre haïtien a rencontré la Banque interaméricaine...

Lambert et Latortue dénoncent une ingérence dans la justice haïtienne

Par Oscar Jean-Etienne Dans une déclaration publiée le 20...

Related Articles

Popular Categories