lundi, décembre 1, 2025
8.4 C
Londres

JEREMI

Jeremi …
Mwen pa te konn sa m t’ap chèche,
Jiskaske je m tonbe sou ou.
Mwen gade w, ou gade m,
Epi m bliye tout sa mwen ye
Pou fonn nan ou kou sab lanmè.
Mwen pat konn kote m te rete
Jouk nan fon kè w mwen jwenn yon plas
Pou m di pwezi pasi pala.

Jeremi, ou dous san bri
Ou bèl san kont.
Ou se pwezi avan solèy
Ou se mizik avan lalin
Nan tout kaye gwo achitèk
Ou se desen mwen pi renmen.

Ou chita sou janm loseyan,
Tout vag ki wè w beni davans.
Leblé di syèl pran fòm nan zye w
Avan l pran wout pou fon lanmè.
Tout sa k rive m rive m avè w,
Ou abite m tout kote m ye.
Tout sa ou ye se sa mwen ye
Yon bòl tonmtonm prèt pou vale.

Jeremi, ou dous san bri,
Ou bèl san kont.
Ou se pwezi avan solèy
Ou se mizik avan lalin
Nan tout kaye gwo achitèk
Ou se desen mwen pi renmen.

Jeremi … Jeremi… Jeremi
Pa kite m kite w.
Mwen pap kite w kite m.
Janmen kite w kite m.

Jeremi, Jeremi
Ou se peyi m nan tout peyi.
Lodè w tache sou tout panno.
Pòtre w fè sikatris nan zye m,
Tout wè mwen wè se ou mwen wè
Maten midi leswa
Ou se baton ki banm chimen.

Jeremi, ou dous san bri,
Ou bèl san kont.
Ou se pwezi avan solèy
Ou se mizik avan lalin
Nan tout kaye gwo achitèk
Ou se desen mwen pi renmen.

Jeremi … Jeremi… Jeremi
Pa kite m kite w.
Mwen pap kite w kite m.
Janmen kite w kite m.

Jeremi, ou dous san bri,
Ou bèl san kont.
Ou se pwezi avan solèy
Ou se mizik avan lalin
Nan tout kaye gwo achitèk
Ou se desen mwen pi renmen.
__
Pawòl: Jean Venel Casseus
Konsèp Mizikal : Jean Venel Casseus
Pwodiksyon: Masters Media 509
Album : PA GEN MIZIK PASE PEYI M

Hot this week

Affaire Boulos : Rose Nesmy Saint-Louis décortique une crise qui dépasse un homme

Dans un document de huit pages, l’essayiste et économiste...

LA  30ème CONFERENCE DES PARTIES (COP 30) HAITI À LA COP30

I . Contexte En 1992, lors du sommet de Rio,...

Ce sont les élites qui fabriquent le système

Par Pierre Josué Agénor Cadet J’ai lu, le jeudi...

Entre servilité/domesticité & Honneur et Dignité

Nous nous approchons sérieusement de la fin de l’année....

Haïti: La polygraphie ou le détecteur de mensonges, la PNH s’équipe pour assainir ses rangs

PORT-AU-PRINCE.— Dans un contexte sécuritaire explosif et face aux...

Topics

29 novembre 1987- 29 novembre 2025 : 38 ans après, l’avertissement demeure

Le 29 novembre 1987 reste gravé comme l’une des...

Dadou Pasquet: un monument qui s’éteint, un héritage à préserver

PORT-AU-PRINCE.— La musique haïtienne vient de perdre l’un de...

Related Articles

Popular Categories