Okay,
Lanmou s’on twou bote
Ki tache nan machwè w.
S’on do re mi fa sòl
Pou konstwi yon mizik
Sou vag k’ap karese w
Jouk lòlòj mwen vire.
Yon ti myèl, yon ti sik
Levan di sid s’on sansasyon
Yon kontantman letènite.
Yon sant lanmè yon sant solèy,
Nou kouve rèv anba lanmè.
Timoun yo ri kou flè dizè
Anba lapli sou plaj jele
Lanati menm chante ak ou
Tout sab ki pran koulè nan kè m.
Okay, ou bèl kou lasirèn,
Ou bèl ou bèl wi ou fout bèl.
Non ou sonnen kou lapriyè
Zanj fè pou remèsye lesyèl.
Kite m site non ou san fwa
Okay cheri m’ renmen w anpil.
Kalfou w se kwa onon di pè m
Ki banm zaviwon pou m vanse
Kot rèv mwen yo ap ret tann mwen.
Ou se souvni tout anfans mwen
Ou se lago lè fin kache
Ou se kachkach sere m byen fò.
Pase isi pase lòt bò
Mwen menm ak ou se marasa
Tout bèl pwomès lavèy joudlan.
Okay, ou bèl kou lasirèn,
Ou bèl ou bèl wi ou fout bèl.
Non ou sonnen kou lapriyè
Zanj fè pou remèsye lesyèl.
Kite m site non ou san fwa
Okay cheri m’ renmen w anpil.
Okay…
Mwen fout renmen w avan minwi.
Avan mèt minwi pran lari.
Okay…
Mwen fout damou w avan midi.
Avan tout lapriyè pran zèl
Mwen renmen w mwen renmen w
Mwen renmen w.
Okay, ou bèl kou lasirèn,
Ou bèl ou bèl wi ou fout bèl.
Non ou sonnen kou lapriyè
Zanj fè pou remèsye lesyèl.
Kite m site non ou san fwa
Okay cheri m’ renmen w anpil.
__
Pawòl: Jean Venel Casseus
Konsèp Mizikal : Jean Venel Casseus
Pwodiksyon: Masters Media 509
Album : PA GEN MIZIK PASE PEYI M


