mardi, mars 10, 2026
12.9 C
Londres

Kot otorite nan peyi sa?

Èske gen otorite nan peyi a?
Kisa yo itil
Ki moun ki gen pou asire sekirite popilasyon an?
Kouman fè bandi yo kontinye ap touye polisye, ap touye pitit pèp la ap boule byen pèp la.

Jodi 6 jiyè 2025 lan, se polisye Swat ki mouri Kenscoff, se blindé PNH ki boule, se Otel Olofson yo mete kankannen. Se popilasyon Lascahobas k ap kouri kon chen fou.
6 jiyè 2025 kote Plan pou batay kont ensekirite a?
6 jiyè 2025 kote bidjè lagè a pase?
6 jiyè 2025 kote CSPN nan ansanm ak Eta majò lame a?

Konbe moun k ap alimante bandi yo lajistis sanksyone deja?
Kisa k esplike moun laklamè piblik denonse ki nan konfyolo nan bay bandi zam ak minisyon
Lajistis pa aji kont yo?
BRIGAD yo fè sa yo kapab men yo pa fouti jwenn bout bandi yo.

Se nan kontèks sa, se nan ensètitid ak ensekirite jeneral sa KPT a ansanm gouvènman ap klewonnen Referandòm ak eleksyon.
Mèsi Mesyedam pouvwa peyi m pou jan nou montre nou iresponsablite, nou enkapasite, nou gen movèz fwa n. Sèlman nou gen anpil “habilité” nan pran pou foure nan pòch nou.

Marcel Poinsard Mondésir

Hot this week

Subvention publique et contrats de sécurité : l’ULCC saisie après un rapport choc de la FJKL

Par Jean Wesley Pierre Port-au-Prince, le dimanche 8 mars 2026...

Sortir Haïti du cycle de la corruption

Par Stéphane Vincent La vraie lutte commence avant le scandale,...

L’organisation «Fanm Angaje» distingue l’ex ministre Émmelie Prochète Milcé

Par Gedeon Delva Chaque année, le 8 mars est consacrée...

Topics

Related Articles

Popular Categories