samedi, février 7, 2026
10.7 C
Londres

𝐒𝐚𝐧 𝐈𝐫𝐚𝐧, 𝐋𝐚𝐜𝐡𝐢𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐝𝐞𝐫𝐚𝐧𝐽𝑒𝑎𝑛 𝑉𝑒𝑛𝑒𝑙 𝐶𝑎𝑠𝑠𝑒́𝑢𝑠

Nan refleksyon estratejik sou pwojeksyon rapò de fòs yo nan mond lan, pwojè Lachin ap mennen jiska orizon 2049 la souvan prezante tankou yon trajektwa dwat kote tout bagay ta ap mache san grate tèt : modènizasyon endistriyèl, otonomi teknolojik, ak afimasyon geopolitik. Diskou sa a, ki repete nan deklarasyon ofisyèl ak nan anpil analiz entènasyonal, kache, selon mwen, reyalite frajilite enèjetik Lachin lan, sitou depandans li genyen anvè patnè ki sou gwo presyon estratejik peyi tankou Etazini: Iran an premye.

Lachin se anvan tout bagay yon gwo enpòtatè petwòl, malgre jefò li ap fè pou divèsifye sou enèjetik li (Idro, Ewolyèn, nikleyè…). Aparèy pwodiksyon li, sistèm transpò li, ekspansyon vil yo, ak estabilite mache entèn li chita sou yon apwovizyonman regilye petwòl ki soti aletranje. Nan lojik sa a, Iran se yon eleman kle nan sekirite enèjetik Lachin. Done ki sòti nan siveyans trafik maritim ak analiz mache petwòl la montre ke lwil brit iranyen an reprezante yon pati enpòtan nan enpòtasyon Lachin. Plizyè estimasyon serye plase pati sa a ant 13 % ak 20 % nan tout petwòl Lachin enpòte ki pase sou lanmè. Petwòl li ki soti Venezyela pa rive plis pase anviwon 4 %. Diferans sa a pa segondè : li òganize tout balans enèji Lachin nan.

Disparite sa a pèmèt nou konprann yerachi reyèl depandans yo. Venezyela, menm si li souvan parèt nan diskou politik kòm yon alye ideyolojik, gen yon pwa limite nan sekirite enèjetik Lachin. Okontrè, Iran se yon founisè ki, si li ta destabilize oswa elimine, sa ka pwovoke efè dirèk sou rafineri yo, sou chèn lojistik yo, epi sou estabilite ekonomik entèn peyi a.

Nan kontèks sa a, dosye Iran lan vin pi sansib toujou. Iran pa sèlman yon gwo founisè petwòl ; li se yon pwen santral nan achitekti diplomatik ak enèjetik Lachin nan Mwayen Oryan an. Yon pati trè laj nan petwòl Iran ekspòte jodi a ale dirèkteman nan Lachin, pafwa estime jiska anviwon 90 % volim total yo. Sa kreye yon entèdepandans solid, menm si li pa simetrik. Iran depann de Lachin pou l vann petwòl li a ki anba sanksyon Loksidan, tandiske Lachin depann de Iran pou l garanti yon fraksyon enpòtan nan apwovizyònman li a pri konpetitif.

Se presizeman entèdepandans sa a ki esplike pozisyon Lachin pran fas ak tantativ Etazini pou destabilize Iran. Pou Beijing, kite Washington febli rejim iranyen an, pwovoke dezòd entèn oswa ankouraje yon chanjman pouvwa san kontwòl, ta egal a aksepte yon risk dirèk sou pwòp sekirite enèjetik li. Isit la, pa gen kestyon ideyoloji ni solidarite politik ; se yon kalkil fonksyonèl. Estabilite Iran, kèlkeswa nati rejim ki an plas la, antre dirèkteman nan lojik kontinwite pwojè estratejik Lachin sou tan long.

Sa pa vle di Lachin pare pou antre nan yon konfwontasyon ouvè ak Etazini pou defann Iran. Pragmatism chinwa a fikse limit klè. Beijing kritike sanksyon inilateral yo nan diskou, li itilize mekanis detou, men li evite tout mouvman ki ta mete gwo konpayi leta li yo, bank li yo oswa aksè li sou mache finansye mondyal yo an danje dirèk. Akò koperasyon alontèm Lachin siyen ak Iran tradui yon konvèjans enterè, pa yon alyans san kondisyon.

Se la tansyon fondamantal pwojè 2049 la parèt klè. Lachin vize pran plas lidè mond lan nan okazyon 100 revolisyon li an, men anbisyon sa a chita sou chèn apwovizyònman ki ekspoze ak zouti presyon ameriken yo. Enèji pa yon kestyon teknik senp ; li se yon levye politik. Toutotan Beijing kontinye depann de patnè ki anba presyon sistemik, libète mouvman estratejik li ap rete limite. Men si Lachin ta deside jwe tout tivis pou atenn objektif li a, li gen resous ak zouti pou fè Loksidan, Etazini sitou, gwo mal.

17 Janvye 2026

Hot this week

Financement du terrorisme: la DCPJ lance des avis de recherche contre des responsables

Par Jean Mapou PORT-AU-PRINCE.— Un nouveau palier vient d’être franchi...

7 février 1986 – 7 février 2026 : où en sommes-nous quarante ans après ?

Par Pierre Josué Agénor Cadet La chute du président à...

Haïti : Incertitudes sur l’après 7 février, résurgence des divergences

Par Jean Wesley Pierre Une scène aux allures de théâtre...

Haïti : Jerry Tardieu appelle à un dialogue républicain pour encadrer l’après-CPT

Par la Rédaction À la veille du 7 février 2026,...

Topics

Financement du terrorisme: la DCPJ lance des avis de recherche contre des responsables

Par Jean Mapou PORT-AU-PRINCE.— Un nouveau palier vient d’être franchi...

Haïti : Incertitudes sur l’après 7 février, résurgence des divergences

Par Jean Wesley Pierre Une scène aux allures de théâtre...

DE LA COMÉDIE SUR LA SCÈNE POLITIQUE HAÏTIENNE

Par Pierre Josué Agénor Cadet La crise haïtienne a depuis...

Related Articles

Popular Categories