Se te yon 16 desanm 1990
3 Lane apre KNGP
Makout la
Te fè rigòl san 🩸
Koule nan riyèl Vayan
29 Novanm 1987
Paske dwa pou moun vote selon konviksyon politik yo te kidnape
Paske fizi mitrayèt yo
te pi pwisan
Pase Bilten Vòt yo
Bandi pap kab volè esperans yon pèp
Tankou esperans libète esklav yo
Soufrans yo te rèd jou 29 novanm lan
Men Pèp vanyan
Ki pat deside
« Bay legen nan batay la »
Te rekòmanse
Nan dat 16 desanm 1990
Kote nan moman sa
Li te kwè
Li t ap voye
Granmoun yo
« Ale jwe domino »
29-30 septanm
7 mwa apre
Lame deplòtonnen
35 Lane apre:
Ayiti ap trimen
Ayisyen ap trennen
Bandi tout kalte donnen
Tankou blenblen
Nan Jaden
Enpinite
Ki pwodui ensekirite
Yo soti nan atache
Frap, Ninja
Bandi legal
Sou lòd vrè mèt yo
Transfòme an Viv ansanm
Pou fè nou tout
Mache Opa
Pandan politichen
San karaktè san nen
Ak yon seri entèlektyèl pakoti
Men yo ak bouch yo plen San 🩸
Ap pouse kabwèt Eleksyon
Sou lòd patwon yo
Caricom, OEA, Nasyonzini
Nen yo tout bouche
Poutan move lodè ensekirite ap degaje
Men yo tout kache
Pa gen danje
Ti nèg esklav mantal
Ap manje lajan malere
Moun ki mouri zafè a yo
Nan tranzisyon degaje pa peche
Tout peche padone
Menm si nèg manje jis yo gonfle
Okontrè nèg gen asirans
Anba zèl zwazo bèk fè a
Ki se sèl kòk chante
Nan baskou a.
Ayiti pou Abolotyo yo
Zafè reflechi sou penitans
Se rans, rans
Se san koutcha yo ye
Zafè sibi vre
Se pa vre
Ayiti, pitit ou yo ap trennen vre
Men, gen moun ki panse peyi
Ak yo, solèy la gen pou l leve
Zetwal Libète gen pou klere tout bon.
Lè sa
Ni atache
Ni Frap
Ni Ninja
Ni bandi legal
Ni bandi ak sapat
Ni Viv Ansanm
Tout ap dèyè
4 Miray
Paske se
Lajistis k ap pote laviktwa
Malè avèti pa touye kokobe.
Marcel Poinsard Mondésir
16/12/2025


