Miragwàn, se ou ki nan mwen,
lè lanmè pale ak letan.
Lè van pase tankou yon fanm,
nan tout riyèl ki pote vwa w.
Mwen te pè lajounen, mwen te pè doulè,
jiskaske zye w tounen limyè chimen m.
Ou se rivaj mwen, lafwa mwen,
se ou sèl ki anndan m.
Miragwàn, vil mwen, lanmou mwen,
ou chanje lavi m, ou louvri vizyon m.
Ou kraze mi, geri chagren,
ou banm lajwa ak anvi viv
ou bay solèy wout pou l pase.
Miragwàn… Miragwàn.
Anba tout pye mango, van tanmen dòmi,
kite lonbraj ou glise sou bòdmè.
Batiman yo reve lòtbò dlo,
mwen menm, se vizaj ou m reve.
Ata lapli ki kanpe lwen,
Chante non ou gòj deplaye.
Lannuit mwen bèl lè w site nom m,
rele m nan non m san aksan grav.
Miragwàn, vil mwen, lanmou mwen,
ou chanje lavi m, ou louvri vizyon m.
Ou kraze mi, geri chagren,
ou banm lajwa ak anvi viv
ou bay solèy wout pou l pase.
Miragwàn… Miragwàn.
Si m tonbe, kenbe m,
si m pè, pale avè m.
Lè syèl mwen vin twò lou,
kache anba lanmou w.
Paske lè kè w kòmanse bat,
lavi tounen gran ri nan mwen.
Miragwàn, vil mwen, lanmou mwen,
ou chanje lavi m, ou louvri vizyon m.
Ou kraze mi, geri chagren,
ou banm lajwa ak anvi viv
ou bay solèy wout pou l pase.
Miragwàn… Miragwàn.
Miragwàn… Miragwàn…
Fè m kwè lanmou ka dire
menm lòtbò kot solèy kouche.
menm pi lwen kot limyè kache.
Pawòl: Jean Venel Casseus
Konsèp Mizikal : Jean Venel Casseus
Pwodiksyon: Masters Media 509
Album : PA GEN MIZIK PASE PEYI M


