samedi, janvier 24, 2026
7.1 C
Londres

๐’๐š๐ง ๐ˆ๐ซ๐š๐ง, ๐‹๐š๐œ๐ก๐ข๐ง ๐ง๐š๐ง ๐๐ž๐ซ๐š๐ง๐ฝ๐‘’๐‘Ž๐‘› ๐‘‰๐‘’๐‘›๐‘’๐‘™ ๐ถ๐‘Ž๐‘ ๐‘ ๐‘’ฬ๐‘ข๐‘ 

Nan refleksyon estratejik sou pwojeksyon rapรฒ de fรฒs yo nan mond lan, pwojรจ Lachin ap mennen jiska orizon 2049 la souvan prezante tankou yon trajektwa dwat kote tout bagay ta ap mache san grate tรจt : modรจnizasyon endistriyรจl, otonomi teknolojik, ak afimasyon geopolitik. Diskou sa a, ki repete nan deklarasyon ofisyรจl ak nan anpil analiz entรจnasyonal, kache, selon mwen, reyalite frajilite enรจjetik Lachin lan, sitou depandans li genyen anvรจ patnรจ ki sou gwo presyon estratejik peyi tankou Etazini: Iran an premye.

Lachin se anvan tout bagay yon gwo enpรฒtatรจ petwรฒl, malgre jefรฒ li ap fรจ pou divรจsifye sou enรจjetik li (Idro, Ewolyรจn, nikleyรจโ€ฆ). Aparรจy pwodiksyon li, sistรจm transpรฒ li, ekspansyon vil yo, ak estabilite mache entรจn li chita sou yon apwovizyonman regilye petwรฒl ki soti aletranje. Nan lojik sa a, Iran se yon eleman kle nan sekirite enรจjetik Lachin. Done ki sรฒti nan siveyans trafik maritim ak analiz mache petwรฒl la montre ke lwil brit iranyen an reprezante yon pati enpรฒtan nan enpรฒtasyon Lachin. Plizyรจ estimasyon serye plase pati sa a ant 13 % ak 20 % nan tout petwรฒl Lachin enpรฒte ki pase sou lanmรจ. Petwรฒl li ki soti Venezyela pa rive plis pase anviwon 4 %. Diferans sa a pa segondรจ : li รฒganize tout balans enรจji Lachin nan.

Disparite sa a pรจmรจt nou konprann yerachi reyรจl depandans yo. Venezyela, menm si li souvan parรจt nan diskou politik kรฒm yon alye ideyolojik, gen yon pwa limite nan sekirite enรจjetik Lachin. Okontrรจ, Iran se yon founisรจ ki, si li ta destabilize oswa elimine, sa ka pwovoke efรจ dirรจk sou rafineri yo, sou chรจn lojistik yo, epi sou estabilite ekonomik entรจn peyi a.

Nan kontรจks sa a, dosye Iran lan vin pi sansib toujou. Iran pa sรจlman yon gwo founisรจ petwรฒl ; li se yon pwen santral nan achitekti diplomatik ak enรจjetik Lachin nan Mwayen Oryan an. Yon pati trรจ laj nan petwรฒl Iran ekspรฒte jodi a ale dirรจkteman nan Lachin, pafwa estime jiska anviwon 90 % volim total yo. Sa kreye yon entรจdepandans solid, menm si li pa simetrik. Iran depann de Lachin pou l vann petwรฒl li a ki anba sanksyon Loksidan, tandiske Lachin depann de Iran pou l garanti yon fraksyon enpรฒtan nan apwovizyรฒnman li a pri konpetitif.

Se presizeman entรจdepandans sa a ki esplike pozisyon Lachin pran fas ak tantativ Etazini pou destabilize Iran. Pou Beijing, kite Washington febli rejim iranyen an, pwovoke dezรฒd entรจn oswa ankouraje yon chanjman pouvwa san kontwรฒl, ta egal a aksepte yon risk dirรจk sou pwรฒp sekirite enรจjetik li. Isit la, pa gen kestyon ideyoloji ni solidarite politik ; se yon kalkil fonksyonรจl. Estabilite Iran, kรจlkeswa nati rejim ki an plas la, antre dirรจkteman nan lojik kontinwite pwojรจ estratejik Lachin sou tan long.

Sa pa vle di Lachin pare pou antre nan yon konfwontasyon ouvรจ ak Etazini pou defann Iran. Pragmatism chinwa a fikse limit klรจ. Beijing kritike sanksyon inilateral yo nan diskou, li itilize mekanis detou, men li evite tout mouvman ki ta mete gwo konpayi leta li yo, bank li yo oswa aksรจ li sou mache finansye mondyal yo an danje dirรจk. Akรฒ koperasyon alontรจm Lachin siyen ak Iran tradui yon konvรจjans enterรจ, pa yon alyans san kondisyon.

Se la tansyon fondamantal pwojรจ 2049 la parรจt klรจ. Lachin vize pran plas lidรจ mond lan nan okazyon 100 revolisyon li an, men anbisyon sa a chita sou chรจn apwovizyรฒnman ki ekspoze ak zouti presyon ameriken yo. Enรจji pa yon kestyon teknik senp ; li se yon levye politik. Toutotan Beijing kontinye depann de patnรจ ki anba presyon sistemik, libรจte mouvman estratejik li ap rete limite. Men si Lachin ta deside jwe tout tivis pou atenn objektif li a, li gen resous ak zouti pou fรจ Loksidan, Etazini sitou, gwo mal.

17 Janvye 2026

Hot this week

Crise au sommet: Le CPT envisage de rรฉvoquer le Premier ministre Fils-Aimรฉ en dรฉpit dโ€™une mise en garde de Washington

Par Jean Mapou Port-au-Prince.โ€” Une nouvelle escalade institutionnelle sโ€™est produite...

Ligue des champions: Quand Prague gรจle, Barcelone sโ€™enflamme

Par Jean Wesley Pierre Menรฉ trรจs tรดt au score sur...

CPT : la farce finale dโ€™une transition sans honneur

Par Pierre Josuรฉ Agรฉnor Cadet ร€ lโ€™agonie de son prรฉtendu...

Topics

Crise au sommet: Le CPT envisage de rรฉvoquer le Premier ministre Fils-Aimรฉ en dรฉpit dโ€™une mise en garde de Washington

Par Jean Mapou Port-au-Prince.โ€” Une nouvelle escalade institutionnelle sโ€™est produite...

Ligue des champions: Quand Prague gรจle, Barcelone sโ€™enflamme

Par Jean Wesley Pierre Menรฉ trรจs tรดt au score sur...

CPT : la farce finale dโ€™une transition sans honneur

Par Pierre Josuรฉ Agรฉnor Cadet ร€ lโ€™agonie de son prรฉtendu...

Pierre Esperance en dรฉsaccord avec la rรฉsolution du CPT

Par Gedeon Delva Cinq conseillers prรฉsidentiels ont adoptรฉ, dans la...

Le CPT face ร  la date ultime : le compte ร  rebours enclenchรฉ

ร€ moins de 20 jours de lโ€™รฉchรฉance du 7...

Related Articles

Popular Categories